[Author's Home Page]   [About the Author]    [News Page]     Welcome:    ---    LOGIN
 Balade Poétique      106208 Poems Read



Mezanmi, Mèsi Anpil Pou Ti Vizit Sa'a wi !

Men'm s'iw te wa, men'm si'w se pap
Louvri je'w, gade you koze !
Ou pa wè longè you tap-tap
Zanmi lakay yo fabrike ?

Gen moun ki di nou se moun sòt,
Paske nou se moun Ayiti,
Men, pawòl sa yo se radòt !
Vye nèg lakay chaje lespri.

Rèt la kòmè ! Vini m'pale'w !
Ki kote'w jwenn bèl potre sa'a ?
Piga'w di'm mele nan koze'w.
Li tèlman bèl, mwen ret gaga.

Gen moun ki ta renmen konnen
Kijan yo fè bèl mèvèy sa'a.
Se pa travay you ti monnen,
Li koute plizyè mil dola.

Sa ki pi bèl nan you TAP-TAP,
Se kòm you djaz kap pomennen.
Bèl mizik: Konpa avèk Rap
Ap kleronnen tout lajounen.

Kite lapriyè, pran kantik !
Mesye, gade'l gentan nan nuit !
Bon, kò'm tout TAP-TAP nan trafik
Map tou rete dòmi isit.

Nou pap bliye Ayiti !




Vote for this poem





Sign Guestbook Read Guestbook

flower2

flower2

flower2
  [ Poetrypoem.com ]   [ Privacy ]   [Terms ]    [ Start a Free Site ]   [ My Poetry List ]
     ©2000 - 2022 ---------- Individual Authors of the Poetry.   All rights reserved by authors.