|
![]() |
Lò kanmarad nou an te di Se pa you lang Kreyòl la ye Se pa de sezi'm te sezi Pou'm te tande you tèl koze. Nan tèt yo se sèlman Franse, Panyòl, Angle ou byen jagon Ke tout moun ta gen dwa pale, Men pou Kreyòl la yo di non. Sa ki pi rèd la pa gen pèsonn Ki vle sèvi li avoka. Se sak fè lezòt yo konfonn Kreyòl la ak you lang baba. Kote bann flozòf nou yo ? Di mwen ki kote yo kache. Sa yap tann pou yo di you mo, Pou pran bagay sa pi serye ? Se nomal pou'm pale franse Si m'ap viv nan peyi Lafrans, Men kreyòl mwen yan pa chanje: Nan zafè sa'a mwen pap bay chans. Ti nèg Ayisyen pa dwe ront Lè li bezwen pale Kreyòl. Se pa chache ma'p chache kont Franchman ou mèt pranm sou pawòl. Vote for this poem
|
|
| |