VIL JEREMI, ZANMI PWEZI
Yo di mwen lavil Jeremi
Se you jaden'k donnen pwezi.
Tout moun reponn: se verite !
Pawòl la gaye tout kote.
Lè powèt you tanmen ekri,
Lank koule tankou grenn lapli.
Lò yo pran simen bèl pawòl,
Wa mande: Kot yo te lekòl ?
Sa yo manje ? Ki sa yo bwè ?
Gad jan yo alèz non fransè !
Ayaya, lavil Jeremi
Se sèvo peyi Dayiti.
Gen moun ki tou prèt pou yo di:
O wi, se peyi gran papa'm.
Mwen menm mwen ret tankon Bouki:
Bonjò mouche ! Revra mada'm.
Ale Bouki, kote Malis.
A, mouche sa'a genyen tròp vis.
An ! Wap kontinye chache'm kont ?
Rete tande pou ou pa wont !
Mezanmi ! Gad kote'm rive !
Mwen blye sa'm tap rakonte.
Anben se ou menm ki bouki:
Ou tap pale sou Jeremi !
|
|
|