[Author's Home Page]   [About the Author]    [News Page]     Welcome:    ---    LOGIN
 Balade Poétique      106240 Poems Read



Mwen Kontan Pou Ti Vizit Sa'a. Tounen Ankò Wi !

Gen you seri nèg ki panse
Si'w pa ta ka pale Fwanse,
Ou tankou you chat ki nan kòd
Nenpòt ti sourit ka bay lòd.
Kòm kwa, pou'w fè you ti chèlbè,
Li pap posib. Ou son bèbè.
Lang ou mare avèk fisèl
Ou pa menm ka pete you rèl !

Epi ankò, sa ki pi rèd,
Yo di ka sa'a pa gen renmèd.
Anmwey ! Kot koze sa'a soti ?
Pa kite yo bannou manti,
Menm si yo fò nan kaponnay,
Medizans oubyen tripotay.
Se pa premye fwa mwen di sa:
Piga nou kouè nenpòt istwa.

Depi nou kite met sapat
Nou kostime ak bèl kravat,
Eske Kreyòl vi'n demode,
Nou doue kachel nan you gode ?
Metye pa'm se pa avoka,
Men, mwen deside antouka
Pou bay Kreyòl you bon plas
Kòm you zouti trèzefikas.


 

PLEASE, GIVE A LISTEN






Vote for this poem





Sign Guestbook Read Guestbook

flower4

flower4

flower4
  [ Poetrypoem.com ]   [ Privacy ]   [Terms ]    [ Start a Free Site ]   [ My Poetry List ]
     ©2000 - 2022 ---------- Individual Authors of the Poetry.   All rights reserved by authors.