Adye sò o
Sò O ki blayi nan san'l vizaj pachiman
Manmwel lage nan m deleye
Gade'w ou pa manje pwa
Ou tonbe nan taye banda
Wap danse rada kalida tankou yon manbo avwil.
Pintade pase'l pran plim
Ti kok pase li bekew jouk lan zo ak tout zepon.
Yo manifye'w ak dechè toksik
Yo few tounen zou nan leve Makak ak Toti.
Ou telman pran nan etanol ou bliye bon sans la vi w.
Adye sò o
Ou telman pran panzou
Men kounye ya ou trouve w nan ravin malin.
Adye sò o