Yo pa rele'w Etzè Vilè ni Franck Etièn,
Ou pa gen non ou nan lis oken gran lekòl,
Zanmi koute'm: Sa pa ta dwe ba ou la pèn
Si ou vle mache dwat san fè bagay ki dwòl.
You sèl ti wòch ou mete nan you konstriksyon
Sifi pou fèl avanse e moute pi wo.
Ou pa bezwen chèf na gwo administrasyon
Pou moun realize ou merite bravo.
Piga pèsonn vini pran pòz chache eskiz.
Pa jan'm di: "Mwen trò sòt pou'm fè kichòy itil."
Menm si tonton Bouki souvan fè gwo betiz,
Li konn pose Ti Malis Kesyon difisil.
Avan'm chape, sonje sa piga'w blyie:
Nèg tankou'n ap toujou jwenn you bagay pou'l fè.
Men, kòm nou renmen manje anba sablye,
Map veye pou'm pa lave men siye'l atè.