~ Balade Poétique ~    [Author's Home Page!]
  105995   Poems Read   


[Poetry PoetryPoem] [Poetry Search] [Contact Us] [FREE Site] [Home] [Poets] [Login]


LE RÉVEIL POÉTIQUE

OH QUEL AMOUR !

DONC, TU TE TUES?

IMMERSION DANS UNE ÉGLISE BÉNIE

CONNAISSEZ-VOUS LE PSS (Prescription Standard Souhaitable) ?



POURQUOI EST-CE SI DIFFICILE DE PARDONNER?

POÉSIA (Espérance poétique)

QUAND JÉSUS CRÉE LA SURPRISE

LA CHASSE À L'HOMME

OÙ EST PASSÉE LA COMPASSION

UN CADEAU BIEN SPÉCIAL

COURAGE !

LA MULÉLANE

UNE FEMME ( For my wife)

RÉCOLTE CERTAINE

LYRISME DOMINICAL (Extrait d'un deuxième livre en écriture)

LE PARDON (Extraits d'un livre en écriture sur le ministère pastoral)

SINCÈRE AMITIÉ

PENSÉE SUR LE RACISME #1

LES MUETS-PARLANT

SA WA'P MANGE LA-A ?

YOU LANG KI PA KAPON

BOUKI OUBYEN TIMALIS?

KREYOL ZOUTI EFIKAS

YOU TI PAWÒL POU LEKTÈ NOU YO

A FRIENDLY WORD

VIL JEREMI, ZANMI PWEZI

SE PA KRÉYÔL, SE KRE-GLÈ

KAPONNAY (Defans lang manman'm nan)

THIS WOMAN

One Day In Haïti

GAD'ON KOKENN CHENN TAP-TAP

More Poetry >>

" Pomennen chache pa janm dòmi san soupe."

Sa'a son ti pwovèb tout moun bò lakay konnen.

Men, si nou di sa devan you gwoup etranje,

M'pa trò sèten menm you'n ta pran you bon pwen.



" Bat chen, tann lèt li." Sa'a se you kle paspatou,

Nou itilize'l lè you moun fè nou fache.

Men si'n ta di yo tradwil nan lang pa you tou,

Se pa de tenten, mezanmi, nou ta tande.



Pandan nou sou chen, yo di nou: "Chen cho pran kou."

Kat ti grenn pawòl ki chaje mesaj ladan.

Menm di'n pa tande'l nan zòrèj nou toulèjou,

Avan you moun di'l fò'l rele :" Adjewidan ! "



"Piga'w jan'm jete vye chodyè pou chodyè nèf."

Men you lòt erè nèg ap fè tout lajounen.

Pafwa lè'w tande you'n rive jwenn you plas chèf,

Li ka di tout moun li janm manje tchentchen.



"Lè'w soti pi wo, monchè, ou pran pi gro so."

O, mèsi Bondye pou bèl lang Kreyòl mwen yan !

Franchman, mwen santi'm ta konpoze you mòso

Pou'm fè moun konnen li pa pè lang okenn blan.



Wi, "Lè je pran kou, bra nen toujou kouri dlo."

Nou dwe pran defans li lè nou wè'l malmenen.

Se travay tout moun, pa gen afè koulè po.

Fò nou koumanse kounya. Pa ret tann denmen !







©2000 - 2022 ------- Individual Authors of the Poetry. All rights reserved by authors

Sign Guestbook Read Guestbook

   Tell someone about this Poem.    blank

[ Control Panel ]
Last 100 Poems

Search over
400,000 poems!