~ Balade Poétique ~    [Author's Home Page!]
  106251   Poems Read   


[Poetry PoetryPoem] [Poetry Search] [Contact Us] [FREE Site] [Home] [Poets] [Login]


<< [Previous]

KOUT'ON KOZÉ (Limewo Youn)

TOUT KOU PA KOU

POWERFUL OR WEAK MEMORY ?

SHOULD I TRY AGAIN ? (Or My Second HAÏT-ISH Poem)

MY FIRST FREN-GLISH POEM



MOVE KOU !

TOUT KOU PA KOU

Ou mèt sanble ak you tuyo
Kap distribye you move dlo
Andedan kay, anba tonèl,
Li pi anmè pase tout fyèl

Ou mèt sanble ak you joupa
Ki prèt pou chavire byen ba
Piga ou janm despere
You jou wa va leve kanpe

Zanmi'm lè ou va kontre
Ak sila'a ki konn netwaye
Oua rive ekperimante
You lòt la vi. Anverite.
Pawòl ou yo va change sans
Oua danse sou you lòt kadans.
Bouch ou va di koze byen dous
Oua angage nan you lòt kous.

Ou santi'w tankou you moun fou
Ou sitèlman pran move kou
Syèl ou pa gen you ti solèy
Fò'w ta di'w nan you gwo somèy.

Lè esperans ou pre kaba
E'w pa rive fè men'm you pa,
Sonje Sila-a ki toujou pre
Pou'l tande lè pòv yo kriye.








©2000 - 2022 ------- Individual Authors of the Poetry. All rights reserved by authors

Sign Guestbook Read Guestbook

   Tell someone about this Poem.    blank

[ Control Panel ]
Last 100 Poems

Search over
400,000 poems!