WELCOME ON MY POEM SITE - BIENVENUE DANS MON RECUEIL
SOYEZ LIBRES DE CHOISIR UN POEME POUR LE LIRE
Èske se reve m'ap reve,
Ou byen eske de je'm kale ?
You gwo pawòl mwen fèk sot li
Ki fè'm anvi kas'on kout ri.
Pètèt w'anvi konnen ki sa
Pou'w ka goute moso lajwa,
Men, mwen ta pito konsève
Ti koze sa'a you bon kote.
Bon, menm si'w al fè tripotay,
Map di'w ki sa. Sa pa you chay !
Kòm ou konn kleronnen lanbi
Ou mèt rele tout moun vini.
Men li, se pa ni de, ni twa,
Se pa non plis you bann istwa.
Pa pense se you ja lajan
Ki pral fè-m rich pandan lontan.
Apa'w alè ? Tann non monchè !
Lali-n klere, men'm sil asouè.
Koze ya pa men'm vle soti:
Sanble m'pray kas'on lòt kout ri.
- Monchè gade: gran moum pa jwe !
Si'w te konnen jan'm te prese !
- Prese ? Wey frè, dat w'ap kouri.
Ou genlè tande bri la pli ?